• dim. Août 16th, 2026

GMAP an kreyòl – Kou kreyòl fèt, Rezilta Bay, Gen moun ki ekri – Tout atik nou pibliye sou sit sa se opinyon pa moun ki ekri li a , li pa nesesèman opinyon GMAP

Août 5, 2026

LONI : 25 mas 2026 TRÈT TRANSATLANTIK PI GWO KRIM KONT LIMANITE

Gen plizyè epòk nan Listwa, nèg Dafrik te yon machandiz, yo te vann yo tankou pate cho. Pandan lontan lontan, sa vle di dèsyèk, nan anpil peyi Dafrik, yap fè lachas jenn gason, yap mare yo, yap vann yo kòm esklav nan tout peyi Afrik di NÒ yo. Komès sa a te rapòte anpil lajan. Listwa di li te dire anviwon 14 syèk. Nan tout tan sa a, yo te mare e vann 17 milyon jenn gason. Anpil nan yo mouri paske, pou yo pat fè pitit, yo te pran labitid chatre yo. Operasyon sila a te koz anpil nan yo mouri ak enfeksyon. Komès sa a te kòmanse depi lane 600 yo, pou li fini jis nan ventyèm syèk. Nou wè tout tan li dire !

Se komès sa a Listwa rele TRÈT TRANSAHARYÈN.

Nan fen kenzyèm syèk, yon gwo mouvman leve nan peyi Eròp yo, pou yo fè gran vwayaj sou lanmè, pou dekouvri lòt tèritwa sou latè. (Tankou konyea, anpil gran peyi ap fè vwayaj nan lespas pou dekouvri lòt planèt). Ofiamezi yap dekouvri tèritwa, yo dekouvri tou tout richès ki genyen nan nouvo zòn sa yo. Lapoula, dekouvèt la tounen kolonizasyon. Tout gran peyi Eròp , nan epòk sa a, antre nan kolonize, pou yo fè dap piyanp sou richès yo jwenn sou tè tou nèf sa yo. Kòm yo pat genyen ase bra pou fè jòb la, vit vit, yo deside al achte Nèg Dafrik kòm esklav pou travay pou yo. Se konsa, pandan 4 syèk, bato yo rele NEGRIYE, soti Leròp, ale pran Ti Nèg an Afrik, vin vann yo kòm esklav nan Amerik la. Men kijan, prèske 12 milyon Nèg Dafrik rive nan zòn nan kòm esklav.

Se komès sa a Listwa rele TRÈT TRANSATLANTIK.

E se sa tou LONI deklare PI GWO KRIM KONT LIMANITE.

Gen plizyè refleksyon nou ka fè sou sa.

1- Nan 2 paragraf avan yo, nou wè aklè TRÈT TRANSAHARYÈN nan dire pi lontan (prèske 15 syèk), li te pi sovaj (yo chatre Ti Nèg pou yo pa fè pitit), li te fè plis viktim (17 milyon). Kote pou TRÈT TRANSATLANTIK la ta pase pou li ta pi gwo ke TRÈT TRANSAHARYÈN nan ?

2- Poukisa LONI bay TRÈT TRANSATLATIK la tout grad sa a ? Alòske li konnen se te repons yon pwoblèm pi grav, pi kriyèl, pi total : KOLONIZASYON.

TRÈT TRANSATLANTIK la se te yon konsekans, vre koz la se te KOLONIZASYON an. Se koloni yo ki te bezwen bra pou travay. Se koloni yo ki tap achte esklav tèt nèg. Pi gwo krim nan paka trèt la, se KOLONIZASYON an.

Nou pa konnen konbyen tan LONI diskite pou rive pran rezolisyon sa a. Men nou santi se yon kout gidon li fè pou nou pa rive sou KOLONIZASYON an. Paske se KOLONIZASYON an ki piye, ki eksplwate, ki ekstèmine. Pi gwo krim nan se li. Antouka, pou Lamerik la, si pat gen kolon, pa tap gen esklav.

LONI paka kondane konsekans lan, pou li fè koz la pase pou yon inosan. Kote esklavaj aboli, KOLONIZASYON an rete nan mantal moun kolonize yo, nan lang yap pale, ekri, nan jan yap fonksyone kòm moun. Tout kolonizasyon se yon krim kont limanite. Menm sila yo kap fèt sou je nou jounen jodia.

Pran yon rezolisyon pou kondane KOLONIZASYON, pou repare domaj li koze, se souke LONI tap souke tout baz LOKSIDAN, Li patap janm rive lwen konsa.

Epoutan, ta kon l ta, fò pwoblèm sa a poze sou tab la.

Pepito 14 avril 2026